Ansyen senatè Grandans lan, Guy Phillipe retounen lakay, apwè plizyè ane pwizon nan peyi Etazini

993

11-30-2023

Pòtopwens , Apwè____(Ayiti) Apwè ke li te pase plizyè lane dèyè bawo nan peyi Etazini, ansyen senatè Gradans lan, Guy Phillipe libere ou retounen nan peyi Dayiti jodi jedi 30 novanm 2023 a.

Fwa sa se pa rimè, men pito se mouvman je klè! Se pa pawòl pale mete la. Pitit jeremi an, debake an change sou tèritwa nasyonal la, yon etap anpil nan senpatizan li yo tap rete tann, tankou tè sèk ki te mande lapli.

Ansyen kòmandan polis ayisyèn nan, te dirije yon rebelyon nan ane 2004, ki ta pral mete do gouvènman Jean Bertrand Aristide la atè. Chèf rebel la, te genyen akizasyon “trafikan dwòg” pandye sou tèt li.

Anpil rimè ta fè eta de yon evantyèl arestasyon Guy Phillipe; yon entòks ke TRiboLAND pa arive konfime.

Li bon pou nou raple ke ansyen senatè Guy Phillipe, te jwen arestasyon li nan kapital Pòtopwens lan, nan mwa janvye 2017.

Comments are closed.