Jean Jacques Rooden Cary tire tèt li nan lokalite ri Benwa, vil TiGwav

1,082

04 -07 – 2024

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Jean Jacques Rooden Cary ki genyen 13 lane, se non yon tijèn gason ki tire tèt li ak yon zam aswè dimanch 7 avril 2024 la, ozanviwon 8 tè nan yon zòn ki rele ri Benwa touprè wout nasyonal #2 a nan TiGwav.

Selon premye eleman enfòmasyon yo, se paske papa Jean Jacques Rooden Cary ki se Jean Jacques Edvard pat dakò li ale jwe nan yon pwogram ki tap fèt nan legliz li, paske li estime Rooden Cary ta prale konpoze demen lendi a. Se konsa, papa a te deside fèmen Cary nan yon chanm kay epi li pati; malerezman te genyen yo zam nan chanm nan se konsa li pran zam nan epi li tire tèt li.

Yon lòt bò, anpil sitwayèn ak sitwayen ki te sou plas, ap swiv evènman an, yo kritike papa Rooden Cary yo di ki responsab zak ki pase a, yo ankouraje lapolis ak lajistis pou kesyone papa a, Jean Jacques Edvard nan kad dram sila a.

Comments are closed.