Senlwidnò pa sispann degrengole anba latèrè fas ak ogmantasyon aktivite gang yo

1,882

10/11/2021

Senlwidinò______(TRiboLAND) Nan vil Senlwidino, ensekirite a ki te sanble fè yon kalma vle tounen ak fòs anba je otorite yo.

Depi apwè lanmo chèf gang Level, bandi yo te rantre nan kal. Sepandan, depi kèk semèn, se pwèske chak swa moun Senlwi pa ka domi e ap pase nwit blanch anba gwo kout zam kap chante nan divès katye nan vil la.

Vandredi maten 8 oktob la, vè 7è edmi byen bonè nan maten, yon group nèg ak manch long nan men yo tap fè zam chante depi lokalite Rivyè ba pou rive Tirivyè. Konsa, sezisman, van panik ak tranble janm te anpare yon bon valè moun nan popilasyon an. Anpil elèv ki tap pran chimen lekòl te oblije bwit sou kou leve kouri e retounen lakay. Mache pat fonksyone, sikilasyon machin ak moto te paralize. Lapolis ki te enfome de yon parèy sitiyasyon, te eseye kouri deyè bandi yo ki te yon douzen konsa men yo te gentan pran lyann.

Konsa, se te byen konte mal kalkile; nan kraze rak, pèp souvren te arive mete men nan gagann 3 nan bandi yo, bayo dènye sakreman e pase yo alenfinitif. Anpil moun rete kwè ke se mèt kò ki veye kò! Yon lòt pòsyon pans eke li reyèlman enpòtan pou popilasyon an rete veyatif pou kwape machann dezagreman sa yo kap simen dèy ak laterè nan vil Senlwidinò.

Nap sinyàle nan menm semen nan, bandi yo te boule plis pase 10 kay rapyetè epi touye plizyè moun nan zònn 4èm seksyon Senlwidino. Popilasyon an pa sispann moute yon ma swife ak aktivite gang kap kreye latèrè chak jou Bondye mete. Kritik yo estime otorite grenn senk ki chita ap gagote ak kalewès pandan yap touche lajan taks kontribyàb yo, pi fò nan initil ak kòriksyon?

Lesly Eliodor Joseph

Comments are closed.