Yon konntenè materyèl idwolik debake nan komin Senlwidinò pou reyabilite rezo dlo ki alimante 3èm seksyon Dègranj lan.

936

03 – 09 – 2024

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Responsab DINEPA yo nan komin Senlwidinò debake yon konntenè materyèl idwolik pou reyabilite rezo dlo ki alimante 3èm seksyon Dègranj lan ki tap soufri depi yon bon bout tan.

Selon enjenyè Guyto, materyèl sa yo pral kòmanse travay nan kaptaj Militon pou rive nan sitèn distribisyon an pou emelyore soufrans popilasyon an ki t’ap bwè tout kalite dlo bò galèt Rivyèba a. Yon lòt kote materyèl sa yo ki pat kapab leve menm moman an, ta pral bloke sikilasyon wout nasyonal la akoz pat gen ase moun nan popilasyon an pou retire pwa lou sa yo ki te bloke antre ak sòti nan wout 3èm nan.

Malgre enpòtans rezo a genyen pou popilasyon an, men blokaj wout la kreye anpil froustrasyon nan mitan yo. Kritik yo estime, si tout fwa ta genyen yon ka dijans ak yon malad, machin pap ka travèse espas la.

Konsa, popilasyon an mande responsab DINEPA yo retire materyèl yo prese prese pou anpeche moun viktim sou konsyans yo. Malè avèti pa touye kokobe!

Comments are closed.