Elèv lekòl Leta yo nan Senlwidinò pran lari pou denonse move kondisyen dramatik fonksyonman enstitisyon yo

876

01 – 15 – 2024

Senlwidinò, Ayiti____(TRiboLAND) Elèv lekòl Leta yo foule beton an nan Senlwidinò jodi lendi 15 janvye 2024 a, kote ke yo pran lari pou denonse move kondisyon dramatik fonksyonman enstitisyon yo ki pa menm sanble kote pou trete zannimo.

Lekòl sila yo, patikilyèman Lese Janmari Lamenè, ki tap raple otorite sangwen peyi a ke yo se moun tou, deklare ke yo bouke ak operasyon lekòl Leta yo kap fèt anba anga. Yo deklare ke leta sangwen an pran plis pase 4 lane depi ke kòmanse yon lise ki pa janm fini, alòske yo prefere kite elèv yo ap pran moso pen lenstriksyon nan yon kondisyon kritik, kote ni lapli ak solèy pa bon pou yo.

Yon lòt bò, yo redi zòrèy leta krizokal la pou peye pwofesè yo epi mande pwofesè yo pou kenbe dinyite yo.

Comments are closed.