Anbasad nan peyi blan meriken anile viza yon direktè jeneral nan peyi Dayiti

2,819

05-17-2022

Romel Bell se non direktè jeneral dwànn peyi Dayiti a, ke anbasad peyi blan meriken deside retire viza l pou kòz trafik zàm fann fwà ak lavaj tchotcho dapwè yon sous jounal Ayiti infospro.com rive fè konfyans.

Menm jounal sa a, fè konnen genyen 3 lòt kad nan bwat sila ki kapab, nan jou kap vini la yo; tonbe anba menm mezi ou zak akizasyon ki pandye sou tèt direktè jeneral dwànn nan (AGD).

Nan sans sa a, premye Minis defakto a, msye Ariel Henry dwe degaje l kou mèt Jan-Jak poul ranplase mouche Romel Bell, ki ta sanble youn nan kanal ki tap fasilite pwoliferasyon aktivite zam ak gansterizasyon anndan peyi Dayiti ki lakoz yon pakèt moun mouri e kidnape nan yon kontèks efondreman total kapital.

Nap raple ou sa fè yon bon bout tan ayiti gen gwo sanksyon ki peze lou sou dol, poul pa enpòte zam sòti nan lòt peyi; bandi legal sangwen yo nan konfyolo ak prezidan, minis, depite, senatè, direktè jeneral e latriye enfekte peyi a nan fè zam antre lib e libè pou bandi.

Antouka, selon kèk kritik kalite sanksyon sa yo gen pou wè avèk nouvo “Lwa sou devlopman, responsabilite ak transparans enstitisyonèl” peyi Dayiti yok e kongrè ameriken an te pran, sa pa gen lontan sou prezidans Joe Biden nan.

Comments are closed.