Resòtisan ameriken yo kontinye ap kite peyi Dayiti abò plizyè avyon militè.

828

04 – 06 – 2024

Kap-Ayisyen, Ayiti____(TRiboLAND) 2 avyon militè ameriken debake nan 2è vil peyi a, jounen samdi 06 avril 2024 la, pou kontinye vin chèche resòtisan yo nan peyi Dayiti.

Kontrèman ak sa k ap veyikile sou rezo sosyal yo, avyon militè sa yo ki te genyen divès plas vid pat ezite lanse yon apèl ak majorite konpatriyòt ayisyen ki te deja gen yon otorizasyon vwayaj pou rantre Etazini nan kad pwogram Biden nan, ta pral jwenn chans yo san yo pa peye menm yon penich pou monte avyon an.
Gouvènman ameriken an, pran desizyon sa a, jounen samdi 6 avril 2024 la, nan lide pou sove lavi sitwayen ameriken yo k ap fè fas kare ak fenomèn ensekirite a nan peyi Dayiti.

Comments are closed.