Plizyè milye moun kouri kite kapital Pòtoprens anba bal bandi kriminèl.

853

04 – 06 – 2024
Pòtoprens, Ayiti ___(TRiboLAND) Plizyè milye moun kouri kite Pòtoprens anba bal bandi, kriminèl, sangwen yo, pou vin pran refij yo nan rejyon gwavyèn nan, swa nan Leyogan, Gran Gwav ak Tigwav ki twouve li nan pwent depatman Lwès peyi Dayiti..

Deplase yo ki pat vle jounalis pran imaj yo, fè konnen anpil nan yo kouri kite kay yo ak rad sou po kò yo; yo pa gentan pran anyen pandan yo di, yo pa konnen ki sen pou yo adrese devan sitiyasyon difisil sa a. Pami deplase lokal yo, genyen ladan yo ki deklare yo pa genyen oken fanmiy nan vil kote yo ateri yo, se avèk vwazen yo, yo kouri, genyen lòt ki di yo genyen paran nan vil la men sepandan yo pat prepare pou sa, aloske yo presize, yo pa an mezi pou afème kay, yon sitiyasyon ki vin pi konplike lavi abitan ki te deja ap viv nan site Fosten Soulouk la, nan zafè pri lamanjay, pri kay, lekòl elatriye…

Nan sans sa a, deplase yo mande pou aktè politichyen sangwen san karaktè yo, fè yon tankou pou mete sou kote enterè mesken yo, yon fason pou jwen yon sòti kriz pou libere Peyi a, daprè sa yo esplike, yo pa kapab ankò!

Pou anpil nan yo, se pa moman pou politichyen yo ap fè dilatwa, yo dwe pwofite okazyon sa a, pou moutre tout rès monn lan ayisyen kapab antann yo, san yo bezwen se blan kolon rasis je vèt ki pou dikte yo sa pou fè sou moso tè Desalenn nan.

Comments are closed.