Yon prizonye pèdi lavi li, yon lòt minè akouche yon bebe nan movèz kondisyon, se bilan evènman katastwofik prizon sivil Kap-Ayisyen an, jounen samdi 6 avril 2024 la.

959

04 – 06 – 2024

Kap-Ayisyen, Ayiti__(TRiboLAND) Bagay yo gravman grav nan prizon sivil Kap-Ayisyen an. Anviwon yon prizonye pèdi lavi li nan kondisyon enfwa imèn, yon lòt minè akouche yon bebe nan move kondisyon ijyenik yo, se bilan katastwofik prizon sivil Kap-Ayisyen an pou jounen samdi 6 avril 2024 la.

Dapwè sa Mèt Arnel Rémy rapòte, prizonye ki fè vwèl pou peyi san chapo a rele Fritz Pierre. Mèt la kontinye pou l di, prizonye a te nan yon selil apa akòz nivo gravite sante li.

Paralèlman ak prizonye k ap pèdi lavi yo pou pwoblèm swen sante nan prizon Okap la, Mèt Arnel Rémy rapòte yon lòt bò, genyen yon minè ki arive fè yon bebe nan prizon sivil sila, apre li te fin ansent 8 mwa.

Enkyè pou sante prizonye fanm ak gason nan prizon sivil Kap-Ayisyen an k ap degrade chak jou pi plis, Mèt Arnel Rémy, raple otorite yo ke prizonye yo gen Dwa ak ti moso laswenyay, sa ki lakòz li plede anfavè bon jan swen sante apwopriye pou prizonye.

Comments are closed.