Kap Ayisyen: Fòs lòd yo arive krible anba bal 3 pwezime bandi apwè midi a

0 457

Kap Ayisyen___(TRiboLAND) 3 eskanmòtè ki te sot kase yon bisnis nan vil Henry Christophe la, krible anba bal lapolis kit e atan pandan yo tap pran lafwit. Malfwa yo te apènn sot friz yon kanbiz yo te sispèk ki te soti labank.

2 nan bandi yo mouri sou plas e egzekite yon twazyèm ki tap pale e blese anba yon motosiklèt, alòske lapolis PNH yo rekipere 3 zam pami yo ou jwenn yon blòk 22 kalib 40 san konte yon pakèt pakè lajan ayisyen. Rigaud Milien se mèt valiz la ke polisye san dout konte retounen apwè envestigasyon.

Popilasyon an kapwaz la pa manke felisite ajan PNH yo pou kout senày la ak kapasite omnipwezans yo.

Leave A Reply