Daprè Brian Nichols: Administrasyon Joe Biden trè konfidan nan sa ki genyen pou wè avèk voye yon seri troup anndan peyi Dayiti

1,455

10-26-2022

Wachenton, Etazini_____(TRiboLAND) Peyi Etazini rete pozitiv nan jwen yon rezolisyon bò kote Konsèy sekirite Nasyon Zini pou jwen  yon seri peyi ki pou dirije yon kolòk travay ki pou panche sou kriz imanitè a anndan peyi Dayiti, se sa ki ta soti jodi mèkredi 26 oktòb 2022 a nan bouch Sekretè Deta anaprè Etazini an, Brian Nichols, pi gro responsab Depatman Deta pou Zafè emisfè oksidantal daprè Reuters.

Nichols te tou profite fè jounalis yo konnen ke Sekretè Deta Anthony Blinken gen pou vizite peyi Kanada jedi 27 oktòb la. Gran Toryan deklare bay laprès konpozisyon de yon group antite miltinasyonal ke Ayiti propose ap genyen pou diskite pandan yon parèy visit nan Kanada.

Kèk aktè nan LONI tankou Sekretè jeneral Antonio Guterres tef è aluzyon de yon fòs muscle e rapid ki kapab ede Ayiti troke kòn ak gang yo ki bay yon kriz imanitè nesans pandan yo akapare pi gro sant petrolyè peyi Jean Jak Desalenn nan.

Antouka, rezolusyon peyi Etazini tap bay jarèt la, te rapòte bò kote kèk sous anonim ke li tap pran lanm. Selon sa ki ta rapòte, oken peyi pa deside propose tèt yo kòm alatèt yon parèy fòs nan peyi Dayiti; sepandan Bahamas ta sanble manifeste enterè si tout fwà yo ta fè apèl li.

Comments are closed.