Nouvo premye minis tranzisyon an, Gary Conille, vizite divès Ri anba lavil pòtoprens.

06 – 02 – 2024
Pòtoprens, Ayiti ___(TRiboLAND) Nouvo premye minis konsèy prezidansyèl tranzisyon an (CPT) Gary Conille nan tèt yon delegasyon akonpaye fòs lòd yo, vizite kèk Ri anba lavil Pòtoprens jounen dimanch 02 jen 2024 la.
Selon enfòmasyon ki disponib, vizit sa a, rantre nan kad demach gouvènman li pral dirije a, aseni kapital la, gade ak 2 zyè li koman bandi sangwen kriminèl yo, vandalize kapital peyi a, epi pale ak moun nan popilasyon an, yon fason pou mete yo an konfyans.
Zòn lopital jeneral, Ri Dèkazèn ak Ri Repiblikèn ak lòt ankò, se kèk Ri nouvo premye minis Conille vizite.
Li enpòtan pou nou fè’w konnen, pandan vizit sila a, pa genyen yon peta ki tire, li bon tou pou raple’w Gary Conille genyen aviwon 12 lane depi li te soti an Ayiti.






