Trajedi Maritim: 27 Etidyan Fakilte Syans Enfòmatik UNAF fè nofraj pandan yo tap patisipe nan yon jounen Kadras

635
0
Share:
TRiboLAND

Kap Ayisyen, Ayiti ______(TRiboLAND) Yon trajedi frape kominote inivèsitè a, ak fanmi anpil jèn etidyan samdi 28 jen 2025 la, aprè yon batiman ki tap transpòte 27 etidyan Fakilte Syans Enfòmatik nan Université Anténor Firmin (UNAF), fè nofraj nan moman yo tap deplase pou patisipe nan yon joune refleksyon ak kiltirèl sou plaj Kadras, Kap Ayisyen.

Dapre premye enfòmasyon yo, move tan ak gwo van Nòde ki tap soufle sou lanmè a ta lakoz yon parèy trajedi. Dènye rapò yo fè konnen, yo jwenn 12 pami etidyan yo jwenn kò san vi, alòske rechèch pote sekou yo te toujou ap kontinye.

Genyen 7 etidyan ki sòti vivan, epi 8 lòt entwouvab, sa ki mete fanmi yo ak tout sosyete a nan kè sere ak mare senti. Se te yon vwayaj ki te gen pou pote konesans, devlopman ak lanmou pou rechèch. Malerezman, li tounen yon doulè ou yon trajedi nasyonal.

Evènman sa a mete anfaz sou nesesite pou gen plis regilasyon, mezi sekirite ak siveyans sou transpò maritim, sitou nan rejyon ki souvan itilize bato tradisyonèl pou transpò maritim. Chak ane, anpil moun pèdi lavi yo nan lanmè peyi Dayiti akoz mankman dispozitif ak mezi prevansyon ak repons efikas ki enplemante.

Trajedi sa a se pa sèlman yon pèt pou fanmi, men se yon gwo frap pou tout sosyete ayisyèn nan, sitou pou domèn edikasyon an ki deja ap patinen nan labou nan mitan yon latriye defi.

Share:

Leave a reply