Kòdonatè Azèk twazyèm seksyon kominal Jeremi an, poze pwoblèm ensekirite jeneralize a nan seksyon an.

849

09 – 05 – 2023

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Verès Devalus, kòdonatè asanble seksyon kominal Pwevil, ki tap entèvni nan mikro TRiboLAND, poze pwoblèm fenomèm ensekirite jeneralize a, kap pwan chè nan seksyon an, nan dènye jou sa yo.

Daprè mesye Venès Devalus, anpil jenn gason kite zonn lan, pou al viv nan repiblik Pòtopwens, akoz ogmantasyon klima ensekirite a: moun ap mouri, kay boule, e sila yo kap dòmi anba galri, kase tèt tounen lakay yo.

Fas a refoulman masiv sa yo, vinn genyen plis moun ki nan nesesite, pa genyen ase manje, kay pou yo rete, e lè sa a kèk ladan yo, oblije poze lapat sou zanimo peyizan yo, yon fason pou yo pa tonbe anba kaliko a.

Nan as sans sa, kodonatè Azek la, nan twazyèm seksyon kominal Jeremi, mande gouvenman an tande larezon nan afiche enkonpetans.

Comments are closed.