Apiye medam yo nan domèn transfomasyon agrikol: Ayiti EFIKAS renmèt materyèl bay 11 antrepriz agrikòl.

761

04 – 03 – 2024

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Nan kad yon seremoni pou klotire pwojè Pwoteksyon Sosyal pou medam yo ki jwenn finansman ODD, via oganizasyon entènasyonal travay OIT.

Direktè jeneral Ayiti EFIKAS lan, ekonomis Etzer Emile, renmèt bay yon dizènn manm oganizasyon fanm kap travay nan keksyon transfomasyon pwodwi agrikol atravè diferan komin depatman Grandans lan, divès materyèl.

Pami materyèl entreprise yo benefisye, ou jwenn: moto, moulen kap fasilite atelye transfomasyon pou ranfòse mwayen pwodiksyon e pèmèt yo mete an valè , pwodiksyon nasyonal lan.

Ansanm òganizasyon fanm yo ki benefisye materyèl sa yo se: Lakay pwodiksyon nan Anzdeno, asosyasyon Fanm Solidè Dam Mari, KAOUNA – CHOKO nan Chanbelan, ak divès lòt estrikti sektè agrikol ki satisfè e filisite efò pwojè Ayiti EFIKAS lan.

Comments are closed.