Biwo DGI ak Biwo Finans nan vil Pòdpè fèmen anba kout kle moun yo pa rive idantifye

439



Pòdpè____(TRiboLAND) Maten mèkredi 3 Jwen 2020 sa a, popilasyon an leve jwenn pòt DGI ak ni Finans klete ak kadna. Kontribyab ki tap boske sèvis nan 2 bwat piblik sa yo, te oblije retounen lakay yo.

Okenn enstans oubyen òganizasyon de baz atravè depatman Nòdwès la ki toujou ap voye flèch sou mòd fonksyònman 2 biwo sa yo, pat revandike yon parèy zak.


Sepandan, sou pòt 2 enstitisyon piblik sa yo, moun te kapab li: “Nou mande kòb sibvansyon an san okenn kondisyon.” Pou kèk moun, yon parèy zak ta sanble tèt koupe ak revandikasyon Pwofesè Lekòl Prive Nòdwès yo ki te pran lari plizyè fwa e ki tap reklame san rete Lajan Sibvansyon Gouvènman Moïse/Joute la te pwomèt yo.


Jounen mèkredi 3 jwn 2020 sa a, li te 11 zè 30 nan maten, pòt biwo DGI ak Finans nan Pòdpè te toujou fèmen. Li te reyèlman pran anpil tan pou yon jij depè te prezan pou dabò fè konsta legal yo e answit pwosede ak ouvèti enstitisyon piblik sa yo sitou DGI ki se youn nan enstitisyon ki rapòte tchotcho nan pòch mouche Leta.



Nap raple depi 4 semènn, pwofesè lise yo ki gen lèt nominasyon nan men yo depi plis pase 5 lanne san touche yon goud Lesko, toujou pran annotaj Direksyon Depatmantal Edikasyon Nòdwès la pou fòse Ministè konsène a peye yo fòs kouraj yo.

Saint Jean wiskis / TRiboLAN

Comments are closed.