Yon gwoup manifestan pwofite mouvman 11 janvye 2024 lan pou sakaje biwo Aewopò Jeremi an.

643

01- 12 – 2024
Jeremi, Ayiti ( TRiboLAND) Nan kad mouvman 11 janvye 2024 lan, ki vize dechouke premye minis lòbèy la, Ariel Henry ak akolit li yo, yon gwoup moun te pwofite debake nan Aewopò Jeremi an, rache baryè a, fèmen biwo an ak tout pasajè yo ki tap tann arive avyon an.

Lapolis ki te sou plas te parèt enpisan pou te anpehe foul lan poze aksyon yo, ki deja genyen gro konsekans sou fonksyonman Aewopò a.

Comments are closed.