Manifestasyon nan vil Jeremi pou kontinye egzije enstalasyon Konsèy nasyonal Prezidansyèl lanKi genyen ladan l Guy Philippe, Jij Durin Junior Duret, ak Doktè Marie Françoise pou dirije peyi a.

838

04 – 02 – 2024

Jeremi, Ayiti (TRiboLAND) Yon gwo jounen manifestasyon jodi madi 02 avril 2024 lan nan Jeremi; yon sòlòkòtò pou egzije enstalasyon Konsèy Nasyonal Prezidansyèl tranzisyon an, ki genyen ladan l, Guy Philippe, Met Durin Junior Duret ak Doktè Marie Françoise.

Malgre pwomès, oganizatè te bay manm popilasyon an, kòm garanti pou pat genyen vyolans sou okenn fòm; sa pa anpeche kawoutchou tap bwile, anpil kout zam otomatik tap chante. Konsta yo, te menm montre yon gwoup manifestan t’ap fè tantativ pou fèmen pòt meri Jeremi an ak tout pèsonèl yo. Sepandan sa pat rive posib gras ak entèvansyon la polis.

Pou jounen manifestasyon sila, lekòl te voye timoun yo ale menm avan lè; aktivite komèsyal yo, sitou machann anbilan yo, te oblije ranmase machandiz pou pa viktim anba move aksyon manifestan yo.

nap raple, temwayaj majorite manm nan popilasyon an, kondane konpòtman anachik patizan Guy Philippe yo, ki te bay kòm garanti, lib sikilasyon pou tout lòt moun, men pou otan yo mete dife devan baryè lekòl yo, pami yo Lekòl nasyonal Frère Paulin.

Comments are closed.