Fanatik Guy Phillipe yo pran lari pou mande enstale-l kòm Prezidan

864

04-03-2024

Pòtoprens, Ayiti _____(TRiboLAND) Patizan Guy Phillipe yo pran lari jounen madi 02 avril 2024 la nan Pòtoprens, pou mande enstalasyon-l kòm 59è Pwezidan peyi Dayiti. Divès nan yo ki pale nan mikwo Laprès, mande pou kominote entènasyonal la tande rezon.

Daprè sa militan yo deklare, pou chay pwoblèm ki genyen sou teren an, Lakou Kasasyon pap ka rezoud yo. Yo rete kwè se ta sèl Guy Phillipe ki gen kapasite pou-l kapab negosye ak tout fòs viv peyia, ak rezoud pwoblèm ensekirite a.

Militan yo fini pou di, chèf rebèl la gen pou vin nan Lwès epi yo pral enstale-l nan Palè Nasyonal.

Comments are closed.