Operasyon eradike gang san sal nan antre Sid kapital la ap rapouswiv : pwogresyon yo plis chita nan zòn Matisan 2A

11/20/2026
Pòtopwens, Ayiti____(TRiboLAND) Yon lòt fwa ankò, yon kontenjan gason batayè, melanje ak ajan PNH, fòs salvadoryèn yo ap pouswiv operasyon tranble janm yo nan Sid kapital la, avèk fèm konviksyon pou deloje ou rati bwaze gang ame “ 5 Segonn” yo nan plizyè katye, patikilyèman nan Matisan 2A.
Sitiyasyon bay anpil panik, kote ke operasyon fòs lòd yo pètibe Wout nasyonal nimewo 2 a. Aktivite dwonn, cha blende, ak machinn polis kanbe an bandoulyè, alimante pwesyon yo e pèmèt yon seri aks woutye konplètman paralize.
Antouka, apwè kout senay fòs lòd yo yè jedi 19 novanm lan, kote ke plis pase 34 gang san sal ta jwenn bouchon yo nan Matisan, lè gwo pwason gang sapat ak kravat yo ap konte; e weekend sila deja anonse plis espwa avèk kontantman.
Pou anpil obsèvatè, popilasyon ayisyèn lan espere pase yon fèt fen lane gras ak imanite pwezidan salvadoryen an, Nayib Bukele alyas Sovèlele.






