Gonaiv: Moun Koto di “Kanal li ye Tonton”

922

10-08-2023

Gonayiv, Ayiti_____(TRiboLAND) Mèsi Luis Abinader! Mouvman kanal ap mache seryezman atravè mouvman an kòm yon fyèv nasyonal. Apwè Wanament e Tigwav, se tou pa moun Latibonit, patikilyèman konpatriyòt Koto, katriyèm seksyon komin Gonayiv, zòn Finèl.

Beton ap koule, bokit ap pase, jèn tankou granmoun kanpe an bandisyon pou pran destine vant yo ou pwodwi agrikòl la an men. Antouka, jan sa ye nan Nòdès peyi a, moun Koto deklare se “Kanal li ye Tonton”!

Yo arive kotize antre yo pou amelyore kèk travay ki te finn kraze e kondwi mouvman konbit la jous nan Kafou Koto, yon fason pou abitan yo jwenn dlo pou plante. Yo di Abibi ki te vle fè Ayiti abi, mèsi!

Comments are closed.