Pandan kòmansman weekend lan, plizyè gro pèsonalite etranje ki akredite an Ayiti vizite komin Anzdeno.

101
0
Share:
TRiboLAND

07 – 04 – 2026

Anzdeno, Ayiti____(TRiboLAND) Diferan diplomat etranje ki akredite nan peyi Dayiti, pami yo madam Nicole Kouassi kòdonatris prezidant pou Ayiti, madam Hélène Roos, anbasadris Inyon Ewopeyènn akredite, Nacenste Dasilva, reprezantan peyi Bwezil, Fenin Macro, anbasadè Espay pou Ayiti, madam Susonne Gionnes, reprezantant peyi Norvège, ak direktè sou biwo Òganizasyon Entènasyonal Travay (OIT) nan Karayib lan, Joni Mousabayama, yo tout te nan komin Anzdeno pou efektye yon vizit sou plaj ak otèl Mandou an ki se biznis prive yon resòtisan fransè aryè paran ansyen prezidan Leclerc.

Ansanm diplomat yo, nan eskplikasyon yo tap atikile enpòtans ak potansyalite agrikòl ak touristik komin Anzdeno. Yo estime ke se yon zònn kotyè ki genyen anpilrichès ki pa ekplwate. Antouka, latriye diplomat sila yo ki tap depose, ta fè konnen ke tout peyi ki devlope genyen resous zimèn : materyèl ou resous mineral dwe sèvi kòm zouti devlopman.

Anpil gwo kesyon sispèk pa sispan klewonen nan zorèy popilasyon an, fas ak konfigirasyon moun ki te konpoze ekip diplomatik sila, ki tèt koupe ak Kò Gwoup. Sepandan, TRiboLAND.com pa arive trape oken nòt ki esplike popilasyon an ki sa egzakteman kap bouyi nan chodyè a.

Share:

Leave a reply