Detni yo nan prizon sivil Tigwav la ap pran lanm anba grangou.

819

03 – 28 – 2024

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Detni yo nan prizon sivil Tigwav la, konnen gwo difikilte pou yo jwen moso lamanjay ak tigout dlo pòtab sòti lendi 25 pou rive jounen mèkredi 27 mas 2024 la.

Detni yo, ki apeprè 422 ki soti nan plizyè rejyon tankou, depatman Nip, Miragwan, Ansavo, depatman Sidès, vil Jakmel mete sou rejyon Dèpal la, ki genyen vil Leyogan, vil Gran Gwav, vil Tigwav, sa ki vin plis konplike sitiyasyon an.

Nan sans sa a, genyen apèl ki lanse bò kote leta ayisyen ak sitwayèn e sitwayen konsekans nan rejyon Dèpal la pou pote manje ak dlo pòtab yon fason pou sove lavi prizonye yo.

Comments are closed.