Yon gwo kad nan Leta tonbe anba bal bandi sangwen

03 – 28 – 2024
Teknisyen ki responsab chif pou biwo sekretè Deta pou Alfabetizasyon an, Maurice Antoine krible anba bal bandi sangwen jodi jedi 28 mas 2024 la nan ri Kapwa, nan Kapital la.
Selon enfo ki rive jwennTRiboLAND, se ta sivil ame sangwen ki fè va sou viktim nan, nan moman li te abò machinn li ansanm ak madanm li, kote yo tap lonje ri Kapwa a.
Malgre mannèv ki tap miltipliye pou transpòte li lopital, malerezman, li pa arive chape. Maurice Antoine mouri, alòske eta sante madanm li pa devwale. Ke nanm, kad etatik sila repoze nan lapè!
I’ve been absent for a while, but now I remember why I used to love this blog. Thank you, I¦ll try and check back more often. How frequently you update your web site?