Lòd Demokratik fikse pozisyon l sou sitiyasyon tchaka peyia trouve l la

1,060

11-09-2022

Pòtoprens, Ayiti __ (TRiboLAND) Nan yon rankont ak laprès jodi mèkredi 09 novanm 2022 a nan otèl Montana, kote ke responsab Lòd Demokratik la, atravè sekretè jeneral li, Me Magnekell Régulus fiske pozisyon l nan konjonkti sitiyasyon ekonomik peyi a e fè pledwaye pou ajisteman salè.

Lòd Demokratik leve vwa li pou enplemantasyon ajisteman salè minimòm nan. Selon Me Magnekell Régulus, avèk pri gaz pete fyèl sila fòk salè ouvriye kap bourike nan faktori yo ranfòse, kesye labank yo, ajan sekirite yo, enstitisyon piblik yo tankou prive an atandan gen yon konsansis ak pouvwa an plas la.

Nap siyale pandan pwodwi premyè nesesite yo deja monte byen wo pandan ouvriye a kontinye touche menm salè a ki pa reprezante anyen pou yo, Lòd Demokratik di peyi a paka tann ankò; sitou lè nou konnen genyen yon minis edikasyon nasyonal ki te menm deklare ke lekòl la ane sa, se tipa tipa li ye.

Sa ki pi revòltan an, politisyen sangwen pasispan fè dilatwa e pase popilasyon an anba betiz, alòske yon demi sak diri ap vann 6000g e 1500g pou yon demi boutèy lwil pou n site kèk pami pri ki deja monte depi kèk jou nan peyi a.

Jn Simon Manex

Comments are closed.