Otorite yo nan lapolis ak lajistis lanse yon pwogram “moto pam legal” nan Tigwav

1,206

04-10-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Komisè polis Tigwav la, Samedi Bellamy, nan tèt kole ak pakè tribinal la, lanse pwogram “moto pam legal” jounen lendi 10 avril 2023 a.

Dispozisyon sa antre nan kad pou mande chak chofè taksi pou yo anregistre moto yo apati lendi pwochen nan komisarya a; yo ap arive evite bandi sangwen, kriminèl soti nan lòt komin avwazinant yo, pou komèt zak malonèt nan komin nan, touye chofè taksi yo, pote ale moto yo epi al demoli yo pyès pa pyès, daprè otorite yo.

Otorite yo ki deklare, sa genyen yon bon bout tan depi vye pratik sa yo ap devlope nan komin Tigwav; pandan yo presize ansanm, yo antann yo pou mete fren nan fenomèn pran moto epi touye chofè yo.

Responsab yo nan lapolis ak lajistis bay chofè taksi yo lendi pwochen kap vini la a, pou yo pase ak papye yo, asirans yo, yon fason pou yo anrejistre moto yo nan pwogram” moto pam legal” la.

Nap siyale, se yon pwogram ki pral etann li sou tout rejyon gwavyèn nan ki genyen Tigwav, Grangwav ak Leyogan, daprè otorite konpetant yo.

JOICY Arnold

Comments are closed.