Tigwav Kriminalite: Endividi yo pa rive idantifye mete dife nan Radio Oryantation FM.

929

09-07-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Endividi pèson moun pa rive idantifye, mete dife nan Radio Oryantation FM nan lannwit mèkredi 6 pou louvri jedi 7 septanm 2023 a, nan Tigwav.

Prezantatè jounal Magazin Enfo sou Radio Oryantation FM, soti 8 tè pou pou rive 9 vè nan aswè Esaie Joachin, ki te pale ak TRiboLAND media, fè konnen ekip la pa kapab rive detèmine moun ki kache dènye zak malonèt sila a. Pou pwezantatè a, yo pa genyen okenn pwoblèm ak pèson moun, ni yo pa konn resevwa menas.

Journalis Esaie esplike, semèn ki sot pase a, te genyen yon trak ki tap sikille nan vil Tigwav, kote te genyen plizyè enstitisyon piblik tankou prive ki te sou lis pou yo boule pami yo Radio Oryantation FM.

Prezantatè jounal Magazin Enfo a, Esaie Joachin ki konfime ke moral ekip la anfòm, malgre sa ki pase a. Sepandan, yo pa konte fè bak ni dekouraje nan misyon yo ki se fòme, enfòme ak distrè popilasyon an.

 Pou jounalis la, yo genyen yon radio pou yo konstwi, men pa pou denigre sitwayèn ak sitwayen yo nan sosyete ayisyèn nan.

Nap fè remake, pa genyen okenn ekipman ak materyèl radio a ki rive touche nan zak kriminèl sila a.

Comments are closed.