Direktè egzekitif Vizyon Ayisyèn dwa moun nan Tigwav, pozisyone li sou sitiyasyon detni yo nan kèk jiridiksyon atravè peyi Dayiti.

02 – 26 – 2026
Tigwav, Ayiti ____ (TRiboLAND) Direktè egzekitif òganizasyon dwa moun nan komin Tigwav (VHDH), mèt Romilus Jules, nan yon tibat bouch ak la près jounen jedi 26 fevriye 2026 lan, pran pozisyon sou sitiyasyon jidisyè kritik detni yo nan jiridiksyon Okay, Pòtoprens, Ansavo, Jakmèl ak prison sivil Tigwav la.
Militan dwa moun nan, mande ministè ak sekirite piblik, konsèy siperyè pouvwa jidisyè (CSPJ) pou ran’n operasyonèl enspeksyon jidisyè nan 18 jiridiksyon peyi a. Li fè konnen, li genyen gwo enkyetid sou garanti lajistis pou detni yo ki nan prison sivil Tigwav la, li envite ministè lajistis ak konsèy pouvwa jidisyè pou aji an konsekans.
Mèt Romilus ki fè konnen ke genyen 7 detni nan prizon sivil Tigwav la ki pa genyen dispositif jijman, ki daprè li, se yon dokiman administratif ki pèmèt grèf prizon an genyen bonjan enfòmasyon sou jijman ak kondanasyon detni yo. Alatèt VHDH la pran kòm ezamp, ka jidisyè Imma Jeanty ki te jije nan dat 02 oktòb 2023, li te kondane poul pase yon lane nan prizon, alòske Imma te libere jou ki te 02 oktòb 2024 pase a, lajistis pa jam fè swit dosye a.
Yo lòt kote, majòjon VHDH la, mèt Jules Romilus di li konstate prizon sivil Tigwav la, pran rapidman fòm penitansye Nasyonal Pòtoprens, kote sant kaseral sila resevwa detni nan plizyè jiridiksyon pami yo: Okay, Pòtoprens kafou, Ansavo, Jakmèl mete sou sa ki nan jiridiksyon Tigwav. Poutan selon li menm, se yon espas ki konstwi pou resevwa 250 detni, daprè nòm entènasyonl yo, pandan plis pase 575 moun pataje espas sila a.






