Pou rann dinamik fonksyonman enstitisyon piblik ak ONG, delege depatmantal la rankontre ak diferan chèf sèvis

891

03- 28 – 2024

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Delege depatmantal Grandans lan, Paulemont Michel rankontre direktè chèf sèvis piblik otonòm leta yo ak reprezantan òganizasyon non gouvenmantal yo, nan lide pou amelyore dinanism travay yo.

Rankont sila te antre nan kad pou mande direktè depatmantal la ak chèf sèvis piblik yo, pou prezan nan pos travay yo, pou desèvi popilasyon an, ak pou mete an konfyans reprezantan òganizasyon non gouvenmantal yo. Li te chita egalman sou enstriksyon ke yo ap bay lapolis ak pou garanti yon anviwoman sekiritè, kote yap santi yo an konfyans pou travay nan tèt frèt ak sekirite.

Nap raple, jou ki te 7 fevrye 2024 lan, yon gwoup endividi defason avèg, te envesti lokal biwo direksyon depatmantal agrikilti Grandans lan, FAO, proteksyon sivil, e yo te pote ale tout sa yo te jwenn sou wout yo; sa ki rann depi lè sa a, yonn nan enstitisyon sa yo pa fonksyone.

Comments are closed.