Premye jounen rara a byen pase nan komin Senlwidinò.

863

03-24-2024

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Kontrèman ak lòt lane yo, kilti rara a pran yon lòt dimansyon nan komin Senlwidinò.
Komite kap jere bann yo deside bay rara a yon dimansyon nouvèl pou peryòd la ka byen pase.

Plizyè santèn moun tout plim tout plimaj pran lari, endjòy yo ak tout bèl mèreng bann yo prezante yo. Fanatik, komedyen kanpe sou 2 ran pou aplodi bann pa yo san pete kòken ak bwiganday. Pou pwemye jounen rara nan Senlwidinò, rara gaye san lesefwape!

Comments are closed.