Fidèl Katolik Sen Monfò nan Pòdpè selebre Sen patwon yo, Saint- Louis Marie Grignon de Montfort

04/28/2021
Pòdpè_______(TRiboLAND) Jodi mèkredi 28 avril 2021 an, se fèt Saint-Louis- Marie Grignon de Montfort, fondatè kongregasyon Filles de La Sagesse, Pères Montfortains yo ak Frères Saint Gabriel yo.
Se Fèt tou Fidèl Katolik Saint Montfort, yon katye popilè nan vil Pòdpè. Nan okazyon an, yon gwo mès daksyon degràs te rive chante nan Pawàs Senmonfò, anprezans pawasyen Sen Monfò yo, Komisè gouvènman Pòdpè a, Me Bellamin Jean Volney, pwèt dyosezen, episkopal, monfòten melanje ak pèleren ki te soti nan 4 kwen depatman Nòdwès la.

Nan omeli sikonstsans lan, selebran Prensipal la, Rev. Pè Guivens Clésiace, denonse politik malsen otorite yo ap itilize nan peyi dayiti ki trennen dèyè l eksplwatasyon, zak kidnapping, vyòl, vyolans ak ensekirite.
Vikè Pawas Sen Lui Dinò a ki di l remake, nan jou sa yo gen yon kanpay lahèn ki deklanntche atravè peyi a. Kidonk, bagay ki rele renmen an pwèske pa egziste. Ajoute ak sa, Reveran an mande pou kretyen yo, pèp Bondye a, pèp anpatikilye ayisyen pou yo pran desten yo nan men yo avan pita pitris.
Pwèt Monfòten an, Rev. Pè Guivens Clésiace fini pou l anonse “22 Out 2021 saa, pral fè misyonè Monfòten yo 150 lane sou tè peyi dayiti, patikilyèman nan Nòdwès. Pou Vikè Pawas Sen Lui Dinò a, deja gen mobilize atravè tout pawas yo pou selebre angranjan 150 lane sa yo.
Saint Jean Wiskis






