Pwofesè pwogram PSUGO ak PRONEK yo deside plante pikèt yo devan Direksyon depatmantal edikasyon Nòdwès la.

709

03 – 25 – 2024

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Anviwon yon senkantèn ansenyan ki tap travay nan pwogram PSUGO ak PRONEK nan depatman Nòdwès la, notaman nan vil Pòdpè, deside plante pikèt yo devan Direksyon depatmantal edikasyon branch Nòdwès la pou egzije salè travay yo.

Pwofesè sa yo ki t’p pale fè konnen, yo deside pase tout rès mwa mas la devan pòt Direksyon depatmantal edikasyon an paske yo pap deplase tout otan direktè depatmantal la, Eddy Augustin, nan tèt kole ak minis Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl la, Nesmy Manigat pa peye yo ane akademik 2014-2015 ak 2022-2023, kòb salè travay yo.

Mekontan kont jwèt mètdam kap fèt anndan ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl la, ansenyan sa yo ki te move kou kong fè konnen, menm yo menm yo viktim nan fakilte syans edikasyon Leta a paske y al konpoze pou tèt kòb yo pa ba yo fèy pou yo konpoze.

Comments are closed.