Ansyen senatè Sidès la, Edo Zenny mande aktè politik yo pou chwazi yon jij nan Kou Kasasyon ki ansyen pou dirije peyi a.

909

03-24-2024

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Ansyen senatè Sidès la Edo Zenny nan interview ak la près, mande aktè politik yo pou chwazi yon jij nan Kou Kasasyon ki pi ansyen pou dirije peyi a, sa ap pèmèt yo mete sekirite epi dote peyi a, yon gouvènman lejitim pou remanbwe enstitisyon yo ki ajenou.

Ansyen palmantè a, pa mete dlo nan bouch li pou kritike politisyen yo ki dakò se yon seri ti peyi katye nan Karikòm ki pa menm genyen istwa, se yo menm kap dikte yo sa pou yo fè nan pwòp peyi yo, li kwè 7 konseye yo pap janm rive antann yo pou dirije nasyon an.

Edo Zenny deklare, li sezi tande se mesye dam akò 21 desanm yo, li di ki kreye kriz la, ki fin kraze peyi a, epi se menm yo menm nan ki fè pati Konsèy prezidansyèl kap pote solisyon nan kriz kap sakaje peyi a. Li pwofite denonse yon seri politichyen li di kap chache manje, moun li di ki grangou, ki pa renmen peyi a, se sèlman fè lajan ki entèrese yo. Ansyen palmantè di fwa sa a, li swete tout sektè nan lavi nasyonal la chita ansanm pou libere peyi a.

Ansyen senatè Sidès la, Edo Zenny fè seri deklarasyon sa yo, nan moman li tap patisipe nan fineray manman komisè gouvènman pakè jiridiksyon Tigwav la, mèt Pierre Elioth Paul samdi 23 mas 2024 pase a.

Comments are closed.