Kilti: Konsè rara yo demare nan komin Senlwidinò avèk 2 bann.

03/23/2026
Senlwidinò, Ayiti______(TRiboLAND) Premye jounen rara a demare avèk 2 bann : Zoreken ak Deblayi jounen dimanch 22 mas 2026 la. Plis pase plizyè milye moun nan popilasyon an pran lari pou defoule yo nan yon anbyans rara yayad ki pa piti. Fanatik Zoreken yo te abiye an blan epi Deblayi ak koulè nwa pou fè la diferans antre 2 bann yo.
Premye jounen aktivite rara a pase san oken difikilte gras ak vijilans lapolis epi responsab bann yo ki pran desizyon pou chanje figi rara nan depatman Nòdwès la, patikilyeman nan komin Senlwidinò ki trè repite nan domèn rara.
Pou ane sa a, gen yon chanjman total kapital nan fonksyonman rara yo. Tout moun deside pran plezi yo nan peyòd sila, nan chase tristès ak tout sousi difikilte lavi a, san fè vyolans ak viktim.
Viv kilti ayisyèn nan ak yon lòt chanjman nan pèfòmans bann rara yo nan komin Senlwidinò !






