Endividi pèsòn pa rive idantifye asasinen yon jij Depè nan komin Pilat.

912


04 – 23 – 2024

Pilat, Ayiti__(TRiboLAND) Fenomèn ensekirite a kontinye ap lage dèy e ap fè chimen li nan peyi Dayiti. Endividi sangwen ame ke pèsòn pa rive idantifye retire lavi jij depè Maxime Quetel nan komin Pilate, jounen lendi 23 avril 2024 la.

Dapwè enfòmasyon korespondan TRiboLAND yo rive jwenn sou teren an, endividi san fwa ni lwa yo ta ka pran jij Depè a nan yon zatrap san pèdi tan nan moman li t’ap rantre lakay li.

Pou koulya, enfòmasyon yo rete kwè ke otorite lokal yo deja demare yon ankèt sou zak asasinay jij la, yon mannyè pou rive mete anba kòd lotè zak kriminèl sila.

Comments are closed.