Vil Senlwidinò leve an malmakak nan mitan fatra ak labou dechè lawouli

916


04 – 29 – 2024

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Maten lendi 29 avril la se yon veritab espektak ki gen nan lari Senlwidinò ak labou, dlo pil fatra elatriye; se tout site yo ki inonde, kay anba dlo, gen plizyè ki andomaje nan vil la kou nan seksyon kominal yo. Polis kominal, ajan BSAP, pwoteksyon sivil mete ak tout anplwaye lameri debake an change nan lopital kominotè Otrichen pou pote konkou bay pasyan ak tout lòt ki viktim anba entanperi a ki sekwe depatman Nòdwès peyi a.

Komin Senlwidinò separe ak plizyè lòt vil nan depatman Nòdwès la depi yè dimanch 28 avril 2024 la. Jous nan moman sila, moun pa remake prezans travo piblik nan komin nan. Majistra Gaston Estima, deklare ke yo te gentan alète responsab MTPTC yo sou sitiyasyon malouk komin nan konnen jounen jodi a.

Popilasyon an pa rete bwa kwaze, yap travay adwat e agoch pou pèmèt gen yon amelyorasyon men ki pap dire twò lontan. Yo solisite entèvansyon ministè travo piblik prese prese akoz move tan ki kontinye ap bay kè sote. Konsa, yo swete pou pita pa vin pitris pou popilasyon an.



Comments are closed.