Rara, se yon pwatik ki nan kilti ayisyènn lan ke anpil moun tankou nan Grandans pwatike chak ane malgre difilkilte lavi a.

654
0
Share:
TRiboLAND

Jeremi, Ayiti______(TRiboLAND) Chak ane, pandan peryòd fèt Pak la, plizyè bann “Rara” defile pou mete animasyon yayad atravè vil Jeremi; menm lè leta ayisyen, via meri yo, biwo delegasyon depatmantal Grandans lan, pa ba yo okenn ankadreman.

Kèk nan responsab gwoup “Rara ” ki entèvni nan mikwo TRiboLAND, fè konnen epòk sila genyen anpil sinifikasyon pou yo, menm peyizan ki fè tout tan yo ap travay latè, li enpòtan pou yo defoule yo e retire chagrin nan lespri yo.

Pendant ke yo fè konpwann se vre leta pa sibvansyone yo pou fè anyen, men genyen kèk sektè nan sosyete sivil lan ki fè ti jès ak yo.

Share:

Leave a reply