Almando Dhapnis, manm gang Izo Senk Segond – Kanaran, tonbe anba bal lapolis nan Komin Chanbelan

734

03 – 21 – 2024

Chanbelan, Ayiti____(TRiboLAND) Almando Daphnis, ki fè pati gang Izo Vilaj Dedye, jwenn lanmò l anba bal lapolis nan komin Chanbelan, nan moman misye tap twoke kout zam ak lapolis.

Daprè yon sous polisyè, prezime manm gang lan, Almando Daphnis genyen abitid volè moto nan Potopwens, vinn vann nan Chanbelan, e se yonn nan manm gang ki rann peyizan, malere ak malerèz, lavi difisil nan mache piblik Chanbelan an.

Comments are closed.