Lapolis nan depatman Nò peyi Dayiti blese motèlman 2 chèf gang ki tap opere nan zòn Pon Nèf ak Shada 1.

709

2 chèf gang bwè dlo bouch yo, 2 zam rekipere, se bilan ajan PNH yo nan komin Kap-ayisyen, jounen samdi 24 jen 2023 a.

06-24-2023

Kap-Ayisyen, Ayiti____(TRiboLAND) Nan kad yon operasyon direksyon depatmantal polis Nò a, te tanmen byen bonè maten samdi 24 jen 2023 a, nan zòn Pon Nèf, yo arive blese motèlman 2 chèf gang ki se, “Das” ensikoni ak tout akolit li “Koni” ensikoni, ki tap opere epi, simen latwoublay nan lokalite Lòt bò Pon ak Shada 1, nan vil Okap.

Dapwè enfòmasyon ki rive jwenn nou nan sal redaksyon nouvèl TRiboLAND, nan moman operasyon tranble janm nan, ajan PNH yo rive rekipere 2 zam ilegal, ak divès lòt lo materyèl bandi yo tap itilize.

Nap raple ou, dapwè gwo revelasyon direktè depatmantal polis Nò a, Frantz Mathurin, 2 chèf gang sa yo, ki te sèl kòk chante nan zòn Pon Nèf ak Shada 1, te espesyalize yo, nan brakaj zam ilegal, fouye machin, takse chofè moto ak machin, asasinay, kidnapping, poun site sa yo sèlman.

Pou koulya, se ochan avèk fèt moun ki konn pase kalvè anba men sangwen ap, patikilyèman nan z`on Pon Nèf ak Shada 1.

Comments are closed.