Bandi pa sispann pran tèritwa anba je dirijan sansal Chal Oska yo, ki finalman livre komin Lachapèl bay Taliban yo

579
0
Share:
TRiboLAND

Enel Richard

Lachapèl, Ayiti______(TRiboLAND) Yon lòt fwa ankò dirijan sansal ki nan tèt peyi Dayiti, pa sispann ap fè foulay kòm apatrid nan kad fè jwèt lago kache nan danse kole ak gang; konsa, yè dimanch 22 jen 2025 lan, yo arive fè konkonbwèt nan arive livre bay gwoup teworis Jeff Kanaan, komin Lachapèl.

Nan entèvansyon ke li fè sou yon radyo nan kapital la, se avèk anpil konstènasyon ke majistra komin Lachapèl la, tap dekri yon sitiyasyon chapepoul aprè antre gang sansal yo nan lokalite a. Selon, otorite kominal la, Fonrose Dieuseul Robinson, atak gang yo fèt anba kou sezi, nan moman anpil moun nan popilasyon an te nan sèvis legliz. Yon bon majorite pa menm gentan pase lakay yo, pou sove sak ta dwe sove. Alòske, bandi Taliban yo te arive pouse do pandan plizyè fwa yon tantativ rezistans bò kote yon ti ponyen ajan UTAG ak BIM ki te kouri chape poul yo.

Apa kèk granmoun ki pa kapab mete van nan vwèl yo, yon bon majorite moun nan popilasyon Lachapèl la deplase san destinasyon. Enfòmasyon ki rive jwen TRiboLAND, fè eta de yon bon group teworis ki pran konplètman vil Lachapèl, e yon menm barikade ou ankadre pou anpeche nenpòt penetrasyon polisyè.

Nap raple, nan moman desant dèlye sila, teworis yo arive bwile divès kay, pami yo, kay yon jij depè ak komisarya kominal la. Tout sa, asosye ak yon seri rimè ki tap pwofetize yon parèy atak, anprezans yon ekip dirijan sansal ou san manman nan tèt peyi DAyiti, ki pa kache ramifikasyon yo avèk teworis ki fasilite yo fè gro magogo nan krim ak kòripsyon.

Li enpòtan pou KPT a ak tout gouvènman kriminèl (fòs destabilizatè) la fè prèv ti kal konsyans, pou li ta anonse popilasyon ayisyèn alavans, nan ki zòn pwochèn livrezon tèritwà ap manniganse, petèt kè sitwayen ta gentan mache pòs yo e sove vi yo ak tout fanmiy yo.

Share:

Leave a reply