Go tech Center limen pwojektè l sou vil Pòdpè nan zafè antrepreneryal ak devlopman pèsonèl

2,334

04/13/2022

Pòdpè_____(TRiboLAND) Se sou tèm “entreprendre pour changer de vie” Go Tech Center deside òganize 1e edisyon somè rejyonal sou antreprenerya li ak devlopman pèsonèl nan site Kapwa Lamò a, notaman nan Inivèsite Valparaiso nan dat kap 7- 8 me 2022 a, sòti 9h pou rive 4h.

Nan sans sa a, kòdonatè nasyonal Go Tech Center a, Bonaparte Février nan tèt kole ak direktè ekzekitif la, msye Wolbens Jean-Baptiste deside seleksyone yon seri pwofesyonèl nan zafè metye tankou: Ing Agwonòn, Ex-minis agrikilti, Thomas Jacques, Erané Saint-Louis, jiris ou ansenyan, direktè OAVCT Pòdpè a, Patrice Dumont, profesè istwa, relasyon entènasyonal ak kominikasyon, Me Yves Martial poun site sa yo sèlman; nan lide non sèlman pou bay jarèt ak kilti antreprenerya a men tou, devlope sans pwofesyonèl lakay jèn gason ak jèn fanm nan diferant rejyon peyi Dayiti.

Yon okazyon ki pa kapab rate! Rele nan nimewo sa yo pou plis enfo :35668706; 47645351; 46619933.

Comments are closed.