Chèf gang sangwen Dèlma 95 lan mache pòs li nan boukantaj kout zam ak ajan PNH yo aswè a nan zòn Channmas.

859

03 – 21 – 2024


Pòtoprens, Ayiti__(TRiboLAND) Gwo fèt nan Dèlma 95 ak Petyonvil nan moman nap pale la. Nan kad yon afwontman ak lapolis ki ta pral dire plis pase 5h tan aswè jedi 21 mas 2024 la nan zòn channmas, Petyonvil. Plizyè gwo koure bandi sangwen tonbe san bat; pami yo, chèf gang Dèlma 95, Petyonvil la, Ti Greg.

Enfòmasyon sa a ki tonbe kou kout zèklè, gen gwo dout sou avni kapital la, lè ou konsidere reyaksyon kout zèklè regwoupman gang Viv Ansanm kapab pou vanje san malfektè parèy yo.

Antouka, lapolis ta sanble ap miltipliye estrateji; anpil sangwen tonbe nan dènye 72 èd tan say o, san konte pwogram “Bwa Kale” a ki ta sanble ap mache trè byen.


Comments are closed.