Prezidan eli akò Montana a,bay pozisyon l sou fenomèn ensekirite kap taye banda nan peyi Dayiti a.

884

Ekonomis Fritz Alphonse Jean, akize gouvènman defakto Ariel Henri a, kòm antite kap founi zam ilegal bay bandi yo.

06-10-2033

Pòtoprens, Ayiti___(TRiboLAND) Nan yon entèvyou li akòde laprès jounen samdi 10 jen 2023 a, prezidan akò Montana a, ekonomis Fritz Alphonse Jean, akize gouvènman defakto Ariel Henri a, kòm antite ki responsab fenomèn ensekirite a.

Pou ekonomis lan, gouvènman defakto Ariel Henri a, genyen gwo konivans ak bandi yo, nan founi zam ilegal, sa ki lakòz, yo pa kreye okenn kondisyon pou pitit peyi a viv andedan peyi a.

Plede anfavè yon solisyon apwopriye pou fenomèn ensekirite a, prezidan akò Montana a, ekonomis Fritz Alphonse Jean fè konnen, se gouvènman ki la a,ki pou chanje. Konsa, sa ta vle di, nan yon langaj dirèk, se “bagay sa” ki la, ki pou demaske’l nan figi moun!

Comments are closed.