Responsab simetyè Senlwidinò a, Frederic Ferdinand mande pou kraze tout kav ki sèvi yon menas pou popilasyon an.

913

03 – 23 – 2024

Senlwidinò, Ayiti____(TRiboLAND) Responsab simetyè Senlwidinò a, Frederic Ferdinand nan yon rankont ak laprès jounen vandredi 22 mas 2023 a, mande tout pwopriyetè kav ki abandone nan simetyè Senlwidinò a pase nan meri a, sof sa meri pran desizyon pou kraze yo pou yo pa poze menas ou dega nan popilasyon an.

Nan sans sa a, lap mande fanmi Merilien Absolue pase regle dosye kav ki panche depi aprè tranbleman tè 12 janvye 2010 la, ki pa janm repare.

Si pa gen yon entèvansyon ki fè nan kav sa a, meri a ap kraze l paske li ka tonbe sou moun kap frakante simetyè a. Malè avèti pa touye kokobe!

Comments are closed.