Me koman yon seri kritik konprann diskou Ariel Henry a

1,247

01-28-2023

Se yon diskou moun tande deja, ki pa chita sou anyen! Li ta sanble tèt koupe ak yon koulèv kap souse byen di tete yon bèf ke li pa swete dòmi ou reve lage; sepandan, malgre tout kraze brize ak soufrans, li kontinye vle plen tèt moun ak yon seri “koze te kowosòl” (kredi) tèt anba ke li pale deja.

  • Yon diskou ki bakle ki chaje ak langaj tèt anba moun abitye tande deja.
  • Yon diskou anfantiyaj ki pa leve nan yon dimansyon chèf deta responsab.
  • Kontni diskou Ariel la, pa koresponn ak tsunami sosyàl peyi a ki deja ap siyone.
  • Ariel Henry itilize yon diskou te kowosòl “déjà vu” ki san sans, pou adrese revandikasyon polisye yo.
  • Premye minis enkilpe, Ariel Henry, anpann vèb pou atikile problematik peyi a.
  • Yon adrès alanasyon ki plis afiche dezespwa ak lapènn.
  • Ariel pale, san li pa di anyen!
  • Se yon “mea koulpa” manfouben!
  • Men fò sak pay la, pa medyòk, pa apatrid, pa ensinifyan.
  • Pa bat sak pay la, pou bourik la! Men fòk sak la, pa nan konfyolo ak bourik kap touye popilasyon an.
  • Pa bat sak pay la, pou bourik la! Men fòk sak la pa nan reselè ak ni kò group, ni kò gang.
  • Abraham di sè tase, alòske polisye ak lepèp toupatou detèmine pou rale baton Moise la.
  • Enkonsayns ak enkonpetans, 2 bagay ki defini medyokrite ak iresponsabilite gouvènman tèt anba Ariel la.
  • “Nou pap kite bandi tout plim tout plimay fè ladènye sou nou nan divizyon”. Sepandan, peyi a pa kapab ap kontinye efondre anba medyokrite yon egri, yon gouvènman restavèk entènasyonal, ki se pwodwi sistèm rasi peze souse dig dantan an.
  • Deriv ak enkonpetans gouvènman Ariel Henry la, pa kapab tabli mèyè kondisyon lavi.
  • CSPN medyòk, ki pa genyen yon pouvwa konvokasyon pou reyèlman tabli lòd, alòske plizyè nan yo gen afilyasyon avèk gang.
  • Kòman ou kapab arive konvenk yon popilasyon ak yon CSPN ki te toujou genyen kidnapè ak gang kostime ke Ariel Henry te chwazi pou gouvènman’l lan?
  • Ke diskou te kowosòl Ariel la, pa manke retire anyen nan nivo detèminasyon polisye yo ki bezwen fini avèk sistèm gang Ariel la, ak yon pòsyon nan Wo Kòmandman Lapolis la  kap bay gang tete.
  • Ke netwayaj sistematik gansterizasyon ke polisye yo ap prone a, arive touche egalman tout konplis (yo ki petèt etranje ou pitit tè) kap bay gang tete.
  • Ke polisye revòlte yo pran destin yo nan men, paske chak fwa se lòt moun ki pran tèt destin sa, se lakwa ki antre nan fanmiy polisye yo; yo tonbe anba bal bandi pi rèd.
  • Ke sa ki gen pou fèt la, fèt! Tròp moun kòl nan kou kap dirije peyi sa, mare sosis yo ak krim ak gang pou kontinye efondre yon moso tè ak tout moun ki ladan’l.
  • Ke diskou iresponsab Ariel Henry a, mete plis “detèminus” nan konviksyon polisye yo ki pran konsyans ke yap finn mouri anba konplo yon seri gro dirijan kap sipòte gang pandan yap fè milyon.
  • Ke diskou iresponsab Ariel Henry a, ale tèt dwàt nan lanfè! Pa kapab genyen “chita” ou “pale” e konpromi ak yon Doktè ki pa valorize lavi moun, menm atravè sèvis sante piblik.
  • Pa kapab genyen chita ak, yon egri, yon enkonpetan, yon egoyist, yon enkilpe, yon apatrid, yon blankomani, yon iresponsab, sadik e yon mantè ki anpann manti!
  • Ke polisye yo pran desten lavi yo ak lavi popilasyon an, an men!

Comments are closed.