Divès òganizasyon òganize yon sitting pou eksprime dezakò yo ak fason leta ayisyen adrese ensekirite a.

08 – 22 – 2023
Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Divès òganizasyon debaz, sosyo politik dekonsè ak sosyete sivil nan komin Leyogan òganize yon sitting jounen mèkredi 21 dawout 2024 la, nan lide pou eksprime dezakò yo ak fason leta ayisyen ap adrese dosye ensekirite a nan peyi a, patikilyèman nan Leyogàn ak Gresye.
Avan sitwayen angaje yo te demare sitting nan, yo fè 7 tou wonpwen Byenvini rantre Leyogàn nan e yo t’ap lanse gwo pawòl piman bouke kont leta ayisyen ak loksidan ki genyen Etazini, Lafrans ak Kanada pou voye yon mesaj klè bayo. Kidonk, fè yo konnen ke Leyogàn pap kouri! Leyogàn pap bay legen! Leyogàn pap anvayi! Leyogàn ap kanpe pou bay yon repons istorik ak ajan fòs fènwa yo kap fè pwomosyon pou disparèt Ayiti sou kat jewografik mondyal la.
Pwotestatè yo akize loksidan yo di ki lage peyi Dayiti nan twou byen fon jounen jodi a, menmsi yo rekonèt yo itilize yon seri politichyen restavèk ou inyoran pou kraze peyi a.
Toutfwa, sitwayen angaje yo mande CPT Conille lan pou mete lame a an pozisyon 2, sa vledi marye lame a ak lapolis pou akonpaye popilasyon an nan batay kont bandi sangwen kriminèl yo.
Dosye ensekirite sa sepa yon jwèt Vre nn e dejou an jou se dròl lap dròl
Triboland latortue
leta peyi nou pap gen pwoblem ak ensekirite pitit yo pa ayiti
Triboland latortue
Mèsi media TRIBOLAND
Triboland latortue
Se byn sa
Triboland latortue
Mw dakò ak oganizasyon sa yo
Triboland latortue
Se Yon bël inisyativ ke Oganizasyon sa yo pran la .
Triboland Karis
Se Yon peyi ki mande pou Oganizasyon yo rete Fokis sou li