Prezidan FENAM nan, Jude Édouard Pierre fikse pozisyon li fas ak kriz ensekirite sosyo politik egi ki genyen nan peyi a.

808

03 -15 – 2024

Pòtoprens, Ayiti ___(TRiboLAND) Prezidan federasyon majistra eli Dayiti yo (FENAM) Jude Édouard Pierre nan yon entèvyou li akòde ak laprès jodi vandredi 15 mas 2024 la, fikse pozisyon li fas sitiyasyon ensekirite, sosyo politik egi kap bale wouze anndan peyi Dayiti.

Pòt pawòl FENAM nan, deklare li sezi tande se ekip moun ki kreye kriz politik ki genyen la a, pami yo André Michel, Rose-Milla Petit Frère, Edmonde Suplice Beauzil, Majorie Michel, pou se yo menm ki aranje yo pou diskite egzijans popilasyon an.

Pòt pawòl majistra yo, Jude Édouard Pierre ki presize kou sa a, pap pase; se yon sistèm ki rive nan bout, li kwè sistèm nan pa dwe rejenere tèt li.

Yon lòt bò, Jude Édouard Pierre deklare yo pa nan Karikòm, yo pa nan kò gwoup, li mande, pou yo pran distans yo nan fason yap foure bouch yo nan dosye entèn peyi Dayiti. Konsa, li ankouraje pou tout sektè nan lavi nasyonal la, pou chita nan tèt ansanm pou jwen yon solisyon nan kriz plizyè tèt sila, yon fason pou rive libere peyi ki ajenou nan tout nivo.



Comments are closed.