Plizyè inite nan Lapolis la kontinye ap twoke kòn yo aswè a nan Dèlma 6 ak gang ame yo.

946

03 – 15 – 2024

Dèlma, Ayiti__(TRiboLAND) Plizyè inite nan Lapolis la tankou, CIMO, BOID, UDMO poun site sa yo sèlman, tanmen yon operasyon espontane aswè a nan Dèlma 6, ki debouche sou yon rafal boukantaj kout zam pou anpeche gang sangwen yo kontinye akapare tèritwa yo pandan yo t ap òganize yon rankont nan zòn Ba Dèlma.

Nan moman n ap pale la a nouvèl yo ta fè kwè, ajan PNH yo ta ka bloke plizyè twonson wout sou zòn Ba Dèlma sa ki lakòz plizyè nan bandi yo deja bwè dlo bouch san konte divès lòt k ap tranpe nan rigòl san yo.

Yon lòt bò, enfòmasyon yo ta fè kwè ke gang sangwen ta ka mare kou krab nan zòn Ba Dèlma ajan UDMO ki, pou koulya sou kontwòl yo e pèsòn pako konnen ki sa l ap devni.

Pou moman n ap pale la a enfòmasyon nou resevwa yo, ta fè kwè bilan yo vrèman peze lou, men sepandan pèsòn pako ka revele yon chif egzak sou bilan yo.



Comments are closed.