Senatè Gracia Delva mete tèt li an eta disponibilite pou reponn kesyon Lajistis

0 402

PÒTOPWENS_(TRiboLAND) Nan yon lèt tou limen li voye bay pwezidan Sena -a, Carl Murat Cantave, Gracia Delva finalman asèpte rete nan kanpe lwen grankò-a akoz gwo akizasyon dap piyant avèk aktivite kriminèl ak reselè ant li menm ak gwo chèf gang vilaj de Dieu-a, Arnel Joseph.

Rimè yo ki bay senatè anpil lawouli, yo egzije-l mete tèt li an eta disponibilite yon fason pou li kapab reponn kesyon Lajistis fas ak tout gwo tonton akizasyon sa yo.

Konsa, se premye fwa nan listwa peyi Dayiti Toma, non senatè repiblik-la pweske pa vle di anyen nan figi moun akoz enplikasyon anpil nan yo nan zak tankou vòl, kidnapenn, detounman lajan leta, asosyasyon malfektè ak kòripsyon. Malerezman, Gracia Delva pa inikman Senatè kriminèl kap desann peyi-a nan nivo sena ayisyen an.

Konsa, sitiyasyon chantè-a dwe ofwi yon avantaj bab e moustache ki kapab ankouraje lòt envèstigasyon sou lòt senatè ak depite ki bay anpil repiyans.

Leave A Reply