Bandi ak gwo zam nan men yo atake Zòn Kafou Aryewopò.

800

04 – 16 – 2024

Pòtoprens, Ayiti ___(TRiboLAND) Bandi ak gwo zam nan men yo atake Kafou Aryewopò pandan fen jounen madi 16 avril 2024 la.

Bandi sangwen, kriminèl yo ki te avèk gwo zam nan men yo t’ap tire nan tout direksyon sou sitwayèn ak sitwayen yo, podyab ki pa konnen ki sen pou yo adrese devan fenomèn ensekirite a,.

Lapolis ki pat pran tan pou entèvni pou repouse sangwen yo; konsa, sitiyasyon an ta pral konplike, kout bal te fè kenken.

Nan sa ki genyen pou wè avèk konbyen moun ki ta blese ou mouri nan kan bandi sangwen yo, ni nan kan polis nasyonal Dayiti (PNH), bilan yo pa sòti.



Comments are closed.